Byenveni sou Magazen Lakay
Magazen Lakay se yon platfòm komès anliy modèn ak serye, ki mete a dispozisyon kliyan li yo yon pakèt pwodwi esansyèl pou lavi chak jou. Nou ofri aparèy elektwonik, ekipman elektwomenaje, rad, tenis, pafen, ansanm ak divès akseswa, tout chwazi ak anpil swen pou garanti bon kalite ak satisfaksyon kliyan.
Nou gen lokal fizik nou ki sitiye nan Sarthe 41, Route Nationale #1, Port-au-Prince, sa ki pèmèt nou bay plis konfyans ak transparans. Nou asire livrezon rapid ak sekirize nan tout depatman peyi a, nan yon delè ki varye ant 2 a 72 zè ouvrab, selon lokalite kliyan an.
Magazen Lakay se yon filyal ofisyèl ND’All Services epi li fonksyone kòm vandè otorize pou plizyè gwo magazen ak founisè rekonèt, ni lokal ni entènasyonal. Sa pèmèt nou garanti pwodwi orijinal, pri konpetitif ak sèvis kliyan pwofesyonèl.
Anplis vant pwodwi yo, nou ofri sèvis acha asisté sou platfòm entènasyonal tankou SHEIN ak Temu, ansanm ak sèvis acha an République Dominicaine, pou kliyan ki vle jwenn pwodwi yo pa fasil jwenn lokalman.
Magazen Lakay se tou yon espas ouvè pou kolaborasyon. Antreprenè, ti biznis ak vandè endepandan ki vle vann sou platfòm nou an byenveni pou patenarya.
👉 Open for business.
Magazen Lakay — Konfyans, kalite ak livrezon rapid, tout nan men w.
